Ayiti, Ayiti: Batay Nan Vertières

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ayiti, Ayiti, Ayiti, peyi des Martyrs Ayiti, Ayiti, Peyi gwo esklav vanyan Ayiti, Ayiti, peyi ki gin ansyen neg brav Latè ke anpil vakabon ti zòrèy vle trayi. Ayiti, Ayiti, Tè ki boule kwè dife lanfè Ayiti, Ayiti, Latè ki plen nèg vanyan Anpil Nèg Nwè te defann Tè sakre sa Ak tout nan nan yo, ak antouzyas, e ak fyète. Ayiti, Ayiti, lach yo vle vann ou pou yon peni Ayiti, Ayiti, anpil volè ofisyèl yo ofri tèt ou A kolon san manman yo. Ayiti, Latè ke yap trayi Ayiti, Ayiti, Latè, Peyi ki pap janm pèdi. Kamarad, Sòlda yo, Peyizan yo, se avèk san ou Ke ou pral defann tout ti fil koulè nasyonal la Wi se avèk anpil kouraj ke ou pral travèse ekran Infènal ipokrit yo. Ayiti, Ayiti, peyi natif natal nou an. Batay nan Vertières ap kontinye pou lontan Jiskaske pèp Ayisyen an sispann soufri e mouri Jiskaske yo sispann bat, piye e touye peyizan Avan ti souf prentan ale, jiska la fen dè tan. Ayiti, Ayiti, Ayiti, peyi brav e ilis zansètnou yo Ayiti, Ayiti, peyi gwo ewo nou yo,peyi Toussaint Tè Papa Dessalines ak Capwa. Le zanj ak Sen yo Ap pwoteje ou. Ayiti, ou ap rete pwòp mèt tèt ou. Copyright © Novanm 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.