Ayiti Se Kretin Sèlman Ki O Pouvwa

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ayiti se yon peyi kote ke se nèg mesken Sèlman ki al an eleksyion epi se kreten Sa yo ki vinn prezidan, senatè ou depite Depi ke yon nèg ka mache ak pantalón li Sou tèt dèyè li, li ap vann bòlèt, lap chante Se konsa ke li kalifye poul ka gouvène Ayiti Yo mete anpil bon Ayisyen ki gen gwo diplòm Ki konpetan, ki pa gen dwèt long a leka Vye konstitisyon sa pa nan avantaj pèp la Fòk yo remanye li e chanje li nan vye fòm Ke li ye kounye a. Yo elimine ystwa sivic Anpil nèg ki sou pouvwayo pa konn anyen De peyi a. Epi se yo, kap koupe, kap manyen Kap gaspiye, kap piye, kap manje e bwè tout sik Peyi ke brav zanzèt nou yo te kite pou tout Ayisyen Li lè li tan ke pou tout magouyè, tout move kreten Bay talon yo, pou moun ki renmen Ayiti e ki konpetan ka Gouvène peyia byen kom sa dwa, pou bann pil fatra Sa yo ka disparèt, pou pèp la ka sispann soufri Pèp la pa kakap ankò depi sou prezizan bann Machwè, pèp la pa kapab ankò.Nèg banann Sou pouvwa, pèson moun pa konn kisa lap regle Kriminèl okipe la ri a, la Polis al kache, lajan peyi a Pavo anyen, pi mal ke zòrey bourik. Nou antrave Rele tout sen yo, tout fòs pou nou ka sove peyi a Mwen pa pran plezi pou map di la verite sa yo ki fèm mal Nou bezwen ekonomi peyi a an sante pou nou ka fè bal Pou nou ka ekri bèl ti verite, bèl ti powèm ak chanson Pou bèl fanm ke yo rele Ayiti Toma ki renmenbèl jipon. Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.