Bòn Fèt A Tout Fanm

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Fanm, nan kalandriye mwen Chak jou se jou w, chak jou se pou ou Ou se nanm mwen, potomitan mwen Mwen vle pran swen ou chak jou Mwen renmen ou poum fou. Fanm, fanm vanyan, bèl bote Chak jou mwen wè w ou etonem Ou toujou bèl, ou toujou anfòm Ou se prensès mwen, rèn mwen Ou se siwo myel, ou se lakansyèl an ete. Fanm, ou se nwayo nan nanm mwen Ou se potomitan nan lavi mwen Mwen renmen ou anpil, map viv pou ou Mwen konnen ou pa bezwem mouri pou ou Paske ou se poupem, ou toujou plin bòl mwen. Fanm, ou bòn e endispansab Fanm, ou se kann dous e ou trèz afab Lavim pa gen sans san ou Ou se pi bon zanmim, kalaloum Nanm mwen, kèm, bou'm e foufoum. Copyright © Mas 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.