Bonn Fèt Papa Desalin

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Se an kreyol sèlman, mwen ka pale de Papa Desalin Yon gran Ero, yon gwo gason ki ba nou Indepandans Ak bann lot gwo Jean gason ki pat pè kanpe devan La Frans Nèg sa yo batay kont tout blan franse rasis ki te vinn Sen Domingou an Ayiti pou yo te ka kinbe desandan Afriken yo nan lesclavaj. Mezanmi, fòk nou pa blye Gran Papa nou Tousen ke lame fransè ya te kidnape Yo te anprizone Tousen nan For de Jour an Frans. Mechan Yo te petèt touye gwo Jeneral nou an an 1802. Mezanmi Pèp Ayisyen, nou te gwo moun, nou te bat lame Leklè Pou nou te ka gen Indepandans nou an 1804. Blan Si tèlman bay manti. Anpil bagay nan istwa nou pa klè Gen anpil manti nan istwa Dayiti. Papa Desalin pat pè batay Pou la libète, pou tout nèg te libr. Frèm yo, fòk nou renmen Peyi nou, peyi nou se tèt nou, fòk nou fè yon bon travay Nan peyisa ke gwo nèg sa yo kite pou nou an. Fòk nou renmen Ayisyen parey nou. Fòk nou renmen tout moun ki vle byen Pou pèp nou ak pou peyi Dayiti. Fòk nou pa vote pou nèg ki pap fè anyen Pou nou e pou peyia. Papa Desalin bay vi li pou tout Ayisyen Anpil ipokrit fè konplo kont gwo nèg sa. Yo asasine Papa D sou Pon Rouj Le 17 Oktòb1806. Jodia nap onore Papa Desalin. Nap bat koukourouj Dèyè tout vye politisyen kap volè e ki ap piye pèp nou an Papa Desalin bann nou fòs pou nou ka pwoteste kont tout mechan Ki pa vle peyi Dayiti avanse. Mezanmi,pa kraze, pa brize, pa fè vyolans Nap pwoteste, nap rele anmwey, nap fete libète, lanmou e indepandans Peyi Dayiti. An nou onore Papa Desalin, san nou pa boule, kraze, brize e touye Gran Papa Tousen, Papa Desalin, Tonton Petyon e lot yo ap ri, fete, selebre Kote yo ye a. Pèp Ayisyen pa lage, saa se komansman an, batay la panko fini Nou fenk komanse batay pou la JISTIS e pou tout Aysyen ka gen yon pi bonn vi Se an kreyol sèlman, ke mwensantim alèz poum ka onore Papa Desalin Le Gran Kote Jeneral yo ye kounye a yap pwoteste, yap swete pèp: bonn chans e kè kontan. Copyright © 17 Oktòb 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.