Divòs Se Pa La Fen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Divòs se pa la fen, rèn mwen an Sispann aji tankou yon lyònn Bagay yo dròl, lavi fèt ak vale e mònn Pran pasyans! Aprann navige bato an. Divòs se pa lanmò, bèl flè dete Solèy la pa klere chak jou Bondye mete Nou ta dwe pran lavi a jan li vini an Lespwa mache ak lavni, sa se chemen an. Fòk ou ri yon ti kras e souri anpil Sa bon pou la sante ak le vizaj Gade anlè pou ou ka wè anpil nwaj. Fòk mwen eksprimem poum pa vinn fou Se sa map fè kounye a la, bèl ti fi Sonen klòch la, poum ka vinn o sekou ou. Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.