Doulè Gen Zèl

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Sa sonnen enkwayab e ankourajan Doulè gen zèl. Li pral vole ale avèk le tan Maltèt, doulè nan do ak resantiman Pral byento disparèt tankou sezon fredi ak prentan. Doulè gen zèl. Kitel, wi kitel fè shimen'l Gen pasyans ak detèminasyon. Pare pouw ka ale an avan Kalme ou. Itilize sèvo ou, pasyans ak imajinasyon Presyon an pral diminye aprè yon bon kous chwal. Lavi a pa toujou tankou yon ti mache nan pak la Gen plizyè monte, desann ak polis kouche nan wout la Doulè gen zèl. Bagay yo ap vin difisil e nwè anpil. Apre fredi, sezon prentan an ap vini e ete a pa twò lwen Doulè gen zèl. Yon papiyon al pi vit ke yon gwo krapo Bagay yo ap vin pi bon. Epi fòk ou pa bwè twò lontan. Copyright © septanm 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.