Drapo Ayisyen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Se pa koulè twal ki fè drapo sa sèlman Drapo pa nouan te fèt ak swè e san Li te fèt nan sakrifis, nan batay Nan krase kò, nan gro batay Pou lonè, pou dinite, pou respè Pou santiman, pou libète e pou la pè Se yon ban nèg brav, ki te rasanble Se te Tousin, Desalin, Petyon, Anri Kristòf, Neg vanyan, neg brav, neg kite tòf Kite monte yon konbit,ki te kampe Pou defan doa nou, pou nou ka gin yon ti kote Yon peyike nou te ka rele pa nou Pou okin moun paka choute nou Dèyo kwè yon ti toutous, lè yon move tafia rasis Pase nan tèt kalbas tèt ravèt po lanvè, lè doub sis Enbesilite rasis ap neye nan tèt zòt, nan zo bwa tèt yo Yon moun ki rasis gin pwoblem, se yon yoyo Ki pedi fisèl, se yon kap ki pèdi fil Kap chèchè xkizka madan Mango Fil Nou fèt pou nou bat lestomak nou Nou fèt pou nou defan drapo nou Si li vinipou nou mouri pou li Nap mouri pou li, nap mouri Pou bèlfanm sila, kap flote nan sièl la ak gro van E ki ap joue ak ti van pou defan Valè nou, fiète nou, e respè nou Drapo nou reprezante nou, se nou Se imaj nou, se kè nou kap bat toutan Se imaj gran paran nou kite vanyan Kite brav, ki pat pè mouche lanmor Kite pou nou, pou pitit nou Drapo nou se yon gro sinbol Fok nou defan drapo si la ak vi nou Se yon gro eritaj ke zansèt nou yo kite pou nou Pou zòt, pou moun ka respecte nou Pou nou ka bat troa foa lestomak nou Pou tout lòt peyi konnin ke nou se moun tou.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.