Etidyan Pran Plim Ou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Etidyan pran plim ou pou ou ekri Plim se yon gwozam, yon gwofizy Elèv, etidyan, menm si ou fè gwo fot Ekri, ekri, nou tout ap apran. Pa okipe zot Etidyan pran yon fèy papye ke pèson Pa ka dechire. Etidyan pase a laksyion Di la verite, ekri sa ki nan panse ou Eki la verite, di tout sa ki nan panse ou Denonse vakabon kap volè, kap piye Byen pèp la. Di yo ke: nou pa egare Nou pa sot menm jan ak ti dyòlè yo Nou konn sa ki bon, nou pa yon vye yoyo Etidyan pa fè vyolans pou yo pa touye ou San rezon. Fè vye politisyen yo konnen ke ou Gin anpil pouvwa tou. Etidyan pran plim ou Pou ou ka ekri la verite. Fok sa chanje pou Nou tout. Pou tout malere, pou gran nèg yo tou Nou vle jistis pou tout moun. Pou moun fou Pou moun nan mòn, pou la jistis ka mete anba kòd Gwo volè, ti volè. Fòk leta eradike tout vye dezòd Nan ladministrasyon piblik. Mare volè yo Jije vye politisyen kap volè. Mare yo, mare yo Pa bat yo, mete yo nan prizon, fè yo peye Baklajanke yo volè pou pèp lake yo piye Chak jou nan magouille, nan vye kout plim Etidyan pran plim ou, mete foto yo nan Facebook Ekspoze yo nan Whatsapp, pa bay dim Nan legliz kap lave sèvo pèp la. Soti nan fouk Vagabon kriminel, ypokrit kap detwi peyi Dayiti Etidyan pran plim ou pou ou ka chanje lavi Tout moun ki nan ti peyi pòv sila. An nou bay Pèp la sekirite, an nou bay pèp la espwa. An nou bay Bon bagay. Etidyan, ou gin yon gwo zam. Ouvè je ou Ayiti Toma se pou nou tout. Ayiti Toma se pou nou. Copyright © Novanm 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon powèt ki ekri nan plizyè lang.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.