Istwa Repete Tèt Li

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Malerezman Pa chans Oswa erezman Istwa nou repete tèt li Menm jan, wi seryezman Dèt yo vinn pi mal Menm reskyè e menm lènmi Pa gen alye e pa gen okenn zanmi Se menm vye aktè sanzave yo Se non yo ki diferan sèlman Sa lakòz gen anpil vòl, malè Krim, la pèrè, rimè e move son Istwa nou repete tèt li Avèkmenm vye lide pòv e sal yo Nou kontan, nou selebre san rezon Vakabon nan lari ap danse Zòt te gen rezon se bayo tafia E pi se mete baton nan dada yo Pandan ke peyi ak kofre anba dèt La wont, Imilyasyon e eksplwatasyon Peyi nou an an agoni Ti souf li san lè koupe (Sa se yon vye lide komik Anba matyè fekal chen yo Se kote maladi, mikwòb ak viris ap viv) Lakay gen twòp souflantyou ak malandrin Eske nou tande chante sa: Pater Noster e Filius E Spiritus Sanctus. Nou fatigue ak tenten sa yo O, mwen konprann, se lè pou nou al an ekzil? Malerezman e ironikman Gravman e seryezman. Copyright © Me 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.