Konpè Filo (Anthony Pascal)mouri

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Konpè Filo mouri Jean Dominique mouri tou Konpè Filo te renmen Ayiti Jean Dominique te renmen Ayiti tou Tout moun ki renmen Ayiti Toma Kita renmen yon bon chanjman fèt Ap mouri avèk bon rèv yo nan tèt Yo. Peyi Dayiti antrave, sa se yon gro ka Pèp la ap soufri nan mizè, povrete, nan grangrou Se yon peyi ki gen anpil vòlè, asasen akmoun fou Nèg sa yo te ront anpil pou gro malpropte, salte kap naje Nan la ri peyi Dayiti, kote gen yon bann gang anraje Kap fè e defè, kap komèt dè krim ke Ayisyen pate konn komèt Avan. Peyi a sal, vè, dlo sal nan la ri. Epi peyi a gen yon bann mèt Ke se move bagay sal ke yap fè sèlman. Se touye yap touye Kilè Ayisyen ap ka pran konsyans yo? Fòk nou ede, edike Pèp la paske se yon premye pa vè yon revolisyion Pou chanje peyi a. Ayiti bezwen lidè, bon moun ki gen vizyon Menm jan ak nèg, gro lidè Dubai yo. Nan mwens yon syèk Lidè peyi sa fè ti dezè sa nimero 1, # one. Yon tè kite trè sèk Vinn sanble menm jan ak yon bèl owazi, yon bèl paradi Se vizyon sa ke Toussaint, zanzèt nou yo te kite pou Ayiti Ki pa janm arive gen gro lidè konpetan e serye pou jere Biznis leta. Nou tout pa bezwen prezidan, senatè pou ede Peyi a prospere, sit nan pil fatra sa. Nou bezwen ke yo sispann piye Vòlè, gaspiye resous leta, lajan pèp la. Nou bezwen yon leta Ki responsab, konpetan. Vè nan tout la ri. Yo pa renmen Ayiti Toma Tout bon vre.Konpè Filo, Jean Dominique, Gasner Raymond Manno Charlemagne, Jacques Stephen Alexis, Richard Brisson E anpil lòt sitwayen kite renmen Ayiti. Frè sa yo mal mouri Yo mouri mal nan gro kalkil. Yo mouri kite yon peyi kap pouri Kote ke kriminèl ap touye moun toute la sainte journée Mezanmi si nou renmen Desalyn, Petyon, Kristòf ak Bondye Fòk nou edike pèp la pou nou ga gen yon lòt peyi, yon lòt Nasyon Edikasyon se yon gro bagay, se komansman yon gro revolisyon Pou Ayiti ka vinn tounen trè bèl e pròp kwè New York, Dubai Mezanmi, pa blye zanzèt ak zanmi nou you ki mouri pou Ayiti Ka yon bon peyi. Fòk nou kinbe ak bon rèv nèg avan nou yo Fòk nou retire Ayiti nan mizè, soufrans. Fòk nou pa bliye Ero nou yo. P.S. Mwen swete ke anpil Ayisyen al panse, al kalkile, al ekri tou. Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.