Kriye, Rele Anmwey, Epi Kraze Rak Ou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Doulè ke ou te andire Sonje ke gen blesi ki pap janm geri Kriye, rele anmwey, epi kraze rak ou Tanpri, tanpri pa plante okenn gren ankò Kite la pli a tonbe, kite dlo a koule Natirèlman. Kanpe lwen flèch la Manmzèl se yon fran tirè. Sot nan rout la Deplase osi vit ke ou kapab. Kanpe trè lwen Li se yon sansi ki visye. Azizwèl sa pa bon Li pa zanmi ou. Sereplat manje a Ouvè je ou zanmim. Kriye, rele, epi deplase vit Estrès, maltèt ak chagren pa dous Tanpri, pa fè li konfyans. Rèv li se pou detwi ou Lèl fini avèk ou, wap plin devenn, plen pwoblèm Paske li vle ak tout fòs kraze kannkes ou Lap fè ou fou, detounen ou, lap fè ou wè doub Mwen konnen ke anyen pa fasil ni gratis Tanpri rete kalm, rilaks, pa al nan lagè Li pa vo pyew; lavi a trò bèl Li pa vo pyew; lanmò se remò Pou moun ki soud ak moun ki gen tèt di Kriye, kraze rak, epi kite lansan an boule Lè yon nonm fou de yon fanm ki pa vlew ankò Kriye, rele anmwey, epi kraze rak ou Sa se yon tan pèdi, sa ye yon move foli Kriye, priye anpil, epi kraze rak ou. . Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.