Lè Koripsyon Depase Tout Limit Yo

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Prezidan an anba kòd, yo jijel, anba kòd Yo menote senatè koronpi yo, anba kòd Yo mete depite visye yo nan prizon, anba kòd Tout pwostitisyon kaba E yo amande konstitisyon fatra a. La Jistis ap fè travay li Pita nap bay plis detay Aprè ke nou fin bay nouvèl Lapolis dèyè yo, tout kreten yo Anba kòd. La mizè kaba. Se la fin. Se la fin tout koripsyon Lari yo pwòp e blan kwè losti Pa gen okenn pwostitisyon Pèp la kontan. Sa se yon bèl sezon Tout volè ak visye yo nan prizon Yo anba kòd. Viv Ayiti ke nou renmen anpil! Viv bout tè sa ke yo ran pòv Ke yo trayi, joure, imilye Toufe, paralize e asasine! P.S. Se obligasyon tout moun pou nou di la verite. Copyright © Mas 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.