Mwen Manke Ou Anpil

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ou konnen ki moun ou ye Avèk tèt mwen, mwen nan lagè Mwen pa gen lapè Mwen manke ou anpil Ou konnen ki moun ou ye Mwen wè ou nan rèv mwen Wap menen, wap rejwi Mwen wè ou, ti bebe'm nan Ou se kout zèklè ki Klere lan nwit nwè mwen Ou se ti krèm mwen Ou se fa nan lanmè mwen Ou se zetwal mwen. Mwen manke ou anpil Ou wèm lè maten Nan fon gwo glas la Mwen wè ou pandan ke map medite Lè mwen fèmen je' m Kote mwen wè yon dividal papiyon Kap banbile nan syèl la Vini non, pote anvi damou Ak bon bo dous Mwen manke ou anpil Mwen vle touche ou, ti bebe' m nan. Copyright © Avril 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki ekri anpil pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.