Mwen Toujou Rève,Mwen Rève Ankò

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mwen toujou rève, mwen rève ankò, Mesye e Mèdam Chak swa, nan bra lanm lanmè yo. Mwen wè madanm Mwen kap dòmi, li fatige, lap ronfle tou prem. Li tou konn Rève. Li vire, akroupi, li voye bral e pyel san yo pa sispann. An verite, mwen rève tout lajounen, Mesye e Mèdam. Lavi se yon fim kap tounen tout tan. Lavi se yon dram, Yon sonj kontinuèl e inik ki defye reyalite nan tan sa. Lavi a lèd tankou yon makak e li bèl tankou Roz de Lima. Mwen toujou rève anpil jounen dwòl, lè tan an fè trè bon, Pa gen okenn mal, povrete, anpil doulè, soufrans e resantiman. Mwen wè renn nan ap benyen nan solèy, epi yon timoun ap danse. Plizyè koup ap anbrase, fè ti bo sou plaj la kote ke sab la cho e byen joli Mwen toujou rève, mwen rève ankò. Yon rèvè se yon moun kap panse. Nan tèt li gen kache yon sèvo, kote ap viv yon prentan ki pap janm fini. Copyright © Avril 2020, Hébert Logerie, tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.