Nan Yon Nan Bèl Jou Kap Vini An Nou Prale

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Nan yon nan bèl jou kap vini an, nou prale San di yon mo, san mès e san jès, nan peyi lòt bò Nan yon direksyon ki enkoni e ki gen sekirite Nan direksyon yon wazi, yon azilki gen anpil dlo Nou pap wè, ni tande, je fèmen, kole e kirye Nan youn nan bèl jou kap vini an, nap byen repoze. Ou menm ak mwen menm ap pati yon bon jou Pou etelman nou ka al viv nan lanmou Kote ap gen yon sèl gwo tonton direktè Yon gwo lidè, yon sèl gran pwotèktè Nou pral pati toutouni tankou yon bon zanj Nan direksyon yon bèl peyi ki chaje ak ti mezanj. Nou pral kite tout moun e toutbagay dèyè Nou pral travèse yon gwo pòt, yon baryè an fè Nou pral wè e tande tout bagay san yon moun pa di Yon mo, san pa gen eko yon onomatope, san yon ti bri Lè ke bèl jou sa rive nou pral vole san zèl Nan direksyon yon peyi ki pafè, bèl eki etènèl. Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.