Nèg Provens Ak Nèg Pòtoprens

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Nèg provens se nèg andeyò Nèg kap swiv e kipa janm pè Nèg pòtoprens toujou ap flannin sou pò Nèg kwa bosal, nèg kidnapè Pa bliye ke se sèl Madan Kolo Ki moun Pòtoprens. Se nou toutt ki sott ro Byen lwen kapital la. Nou konnen ke Ayisyen Toujou ap pale tout tenten Yo di tou ke nèg provens Se nègjaden, nèg bannann Yo di ke nèg pòtòprens Se nèg lavil, nèg ki ka vann Tout kalite bagay, nèg kolokent Nèg anba tantt, ki plen fent Nèg koken, nèg magouyè Nèg provens anba, anba Yo tapajè, yap fè epi yo pap fè Yo pate konn wè fatra konsa Lèyo te nan mònn, andeyò Toutt de nèg sa yo aji kwè nèg lott bò Kounye a nou mele, nou antrave Ayisyen ap aji kwè sanzave Yo pa vle antan yo, yo bliye Ke Ayiti bezwen tout pitit li yo Nou toutt se frè ak sè nou ye Fòk nou sispann pale fatra Fòk nou pa aji konsa Kwè inbesil, kwè nèg sott Ke anpil peyi ap plin ak kout bott Ke anpil peyi ap imilye toutt tan Anpil peyi bliye sa Ayisyen te fè lontan Ayisyen fòk nou toujou antan nou Pou yo pa rele nou toutt mounn fou Se nou toutt kap pedi Se nou toutt ke yap modi. Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.