Nostalji De Lontan

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Sonje te gen yon tan? Pa twò lontan Ti cheri, nou pat two vye Nou te piti e twè chaman Nou te inosan Nou te konn benyen nan letan an San nou te jèn e kè nou te kontan Tout bagay te pafè Epi nou tap viv nan lapè Bagay yo pa menm jan ankò Nap toufe, neye nan pwoblèm Kounye a Nap reve tankou de koulèv Nap goumen kòm de delinkan Sa tris, sa komik, sa malouk Nou aji tankou de gwo elefan Nou konpòte tèt nou kwè de opozan Nou ap viv anba yon solèy cho, nan move tan Bliye tout ravaj ke siklòn nan te fè O! Sikatris dire pou yon bon bout tan Malgre tout sa yo, nou dwe avanse pi douvan Li bon pou nou dòmi e reve nan bon van Tan an ka seche e detwi tout move san Wi tan ka efase tout vye zègrè dantan Sonje ke te gen dè bon vye tan? Copyright © Novanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.