Ou Trè, Trè Espesyal Pou Mwen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ou se yon dyaman; ou trè espesyal pou mwen. Mwen pap janm ka repeye ou, manman mwen. Mwen dwe ou mond lan, plis ke yon moun ka imajine. Mwen trè rekonesan anvè ou. Sa ta yon peche Si mwen pata di anpil bèl bagay de ou. Mwen renmen tout bagay, tout sa ke ou fè. Ou trè entelijan, bon travayè e espesyal anpil Pou mwen. Ou se yon etwal, yon potomitan e yon zanj Nan syèl la ke mwen te wè nan rèv mwen yè swa. Ou se bon zanmi mwen e ou toujou gen rezon. Wi, tout bon. Ou trè espesyalpou mwen. Ou se yon limyè kap gide'm e yon pye mapou pou mwen. Copyright © Fevriye 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yonotè plizyè liv pwezi

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.