Poukisa Se Toujou Ayiti?

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Poukisa se toujou Ayiti? Poukisa se peyin nan ankò? Poukisa se toujou nou ankò? Men non, nou pa moun fou Twòp san ap koule san nesesite toupatou Nan tout koridòr; twòp kriye sou tout galri Tèt koupe toupatou. Gwo peta, gwo bal ki sot lòt bò Ap touye frèn, sèn. Lakou a chaje ak jenn vwayou Ak kriminèl. Menm lougarou yo kache anba tapi Nou sezi, nap reflechi. Poukisa tout goumen sa Pou pouvwa, pou fanm, pou lajan, pou lamama? Yap touye moun tankou bèt, tankou zanimo Ki konn manje rat, sourit, mangous, pan ak krapo Men, peyi a pa yon forè. Se yon fyasko!Sa se yon defèt! Poukisa dlo nan je tout tan, gen anpil lanmò? Bagay yo tèlman mal se zewo regrè, zewo remò Yon pèp, ki bliye fasil, pap janm gen yon gen bònn vi Pèp sa a pa gen okenn avni, pa gen objektif e pa gen enèji Se lanmò, la mizè, la desepsyon, linjistis. Se la tristès Ak rankyn. Se yon nasyon ki ap viv nan doulèak detrès Poukisa tout vye krim malveyan sa yo sou tè a? Kote Sent yo, Zanj yo ak Bondye ki gen tout pouvwa a? Kote yo? Kote yo? Anmwey! Nou poze tèt nou mil kesyon Li lè li tan pou moun serye pran plizyè bèl aksyon Fòk nou pa sispann pale, reyèlman vrefòk nou aji Pou sove Ayiti Toma ki konnen anpil laperèz ak mati Nou mande poukisa, poukisa plis pase yon milyon fwa Jiskaske nou pèdi sante nou, sanite nou, sentete ak la fwa Nou mande ankò e nou fout mande ankò poukisa se Ayiti? Ayisyen, se yon pèp ki si tèlman fyè, fò, travayè e Ki gen kouraj. Se move chans li gen anpil volè pouri kòm lidè Fòk nou ekspoze yo toutouni nan lari ki santi, ki gen move odè Sila. Bondye mwen, Powèt yo ta renmen itilize bèl ti mo kipa two Cho, pou fè lwanj pou Ayiti, men la desans anpeche dlo Monte mòn. Mezanmi yo entèdi silans, nou dwe boule mèch yo Nou dwe voye dlo, boule lansan pou chase move lesprisa yo Malgre tout bagay sa yo, Ayiti se yon peyi ki gen yon limyè espwa Ke nou pa dwe kite nwaye nan antonwa dyab sa Poukisa se Ayiti? Yon peyi ki plen potansyèl, nan mòn, anro, anba Nan mitan, sou kote ak nan rivyè. Ak yon pèp ki gen bèl souri. Poukisa? Poukisa anpil Ayisyen rete kloure sou kwa sila? Poukisa se toujou Ayiti? Poukisa se nou kap kontinye soufri? Poukisa se nou kap kontinye mouri? Copyright © septanm 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.