Revolisyon, Evolisyon, Devosyon, Revolisyon

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Revolisyon an dwe kòmanse avèk ou Evolisyon dwe kòmanse ou li dwe sòti nan nanan ou Anvan ou al rekrite oswa konvenk Nenpòt lòt moun. Ou fèt pou ou aji kwè yon Prens Oswa yon Prenses ki vle amelyore tout bagay Pou yon bon chanjman radikal pou tout moun Fòk ou entelijan, dedye, vanyan e rezistan Revolisyon se yon zam ki pwisan Nou pa fèt pou itilize mo saalalejè Revolisyon se yon chanjman dramatik aparamman E fondamantalman pou yon bon sosyete Li difisil pou gen yon revolisyon pasifik San san pa koule. Mwen pa tolere vyolans Sepandan, sa fè patide pwosesis la. Yon istwa ki san sans Anjeneral yo pranl kòm yon blag. Si ou vle wè yon revolisyon Fòk ou fè yon gwo sakrifis e fòk ou menm mouri pou pasyon sa Pou la libète ak la pè,pou byennèt ak jistis pou tout moun Sispann pale de revolisyon, si ou pè mache tèt an lè Pri ou peye pou la libète se yon risk ke ou ka pèdi lavi ou. Fòk ou brav Pou ou goumen pou sa ki bon pou tout moun. Pa aji kòm yon esklav modèn Pa aji kòm yon achèt figi, kote yon lidè chwazi manje tout benefis yo Fòk ou se yon patisipan ki fò, yon bon revolisyonè pou tout moun Revolisyon an dwe kòmanse avèk ou kòm yon bon e gran sitwayen Ki pa pè goumen pou la libète, respè ak egalite pou tout moun. Copyright © jen 2019, Hébert Log, Tout Dwa Rezève. Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.