Se Moun Nan Peyi-A Ki Pòv

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mezanmi se pa Ayiti ki pòv Se moun nan peyi-a ki konsa Ayiti se yon bon ti peyi, bon bagay Se dirijan sòt yo ki gen dès panse pòv Paske yo se volè, yo koronpi, yo saf Yo vle tout pou kò yo, se konsa Ke yo ye. Ti peyinou an pa pòv Gen trop nèg sòt nan li, trop asasen Top arogan, trop magouyè, trop voryen Ki pa vle ti pèp ale an avan. Ayiti pa pòv Nan la tè peyi Dayiti gen anpil richès Yon gwo pwoblèm, yo kite peyi etranje Finn volè, finn debaba e piye tout resous Nou yo. Se sa fè yo te ba nouyon bann vye Prezidan, díctatè pou yo te ka ba nou baboukèt Gwo kout baton, gwo kalòt, gwo souflèt Men yo blye ke lè yo fè sa, ke se Ayiti ke yap kraze Se non peyi Dayiti ke yap pase anba pye yo Chak fwa ke yo frape ou touye yon Ayisyen mal Se Ayiti ki evantyelman peye pousa ke ti mal Sa yo fè. Ayiti, Haiti, Kiskeya ou Boyo Se yon bon peyi. Sispann bay Ayiti gwo kalòt Sispan bay ti pèp la gwo koutt pye ak gwo kalòt Trop nèg sòt sou pouvwa Trop nèg sòt gen pouvwa. Copyright © Jen 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.