Sen Valanten: Nap Fete Lanmou An Kreyol

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Jodi a se fèt Sen Valaten, fèt Lanmou La pè, linyon ak rekonsilyasyon Nap pran plezi nou an kreyol, Ti Toutou Nap fè lanmou avèk pasyon Tout la jounin, tout lan nwit Nou pap fè anyin two prese, ni two vit Wap pase min nan tèt kale mwen an Map bay plis karès ke mwen te kon bay avan Nap chita, nap pale, nap ri ansam Map blye, e mwen pap pale de lot fanm Nap manje ansam, nou pral nan sinema, Map rele w ti manmanm, w ap rele mwen papa, Papito, Ti Cheri, nap bwè ti di vin nou Nap fete Saint Valentain, ki se fèt lanmou Nap prye tou pou tout moun ki tris Tout moun ki pa gin la pè, nap bwè ti te melis Nap fè lanmou tout tan, tout lan nwit Nou ap karese lanteman, anyin pap fèt vit Nap fete pou nou pa janm gin violans antre nou Nap fè bèl bagay, bon bagay, nap fete lanmou Li fè frèt dèyo an, min nan kè nou li fè san degre Nap binyin nan chalè, nan lanmou tout la joune Tout lan nwit, nap fete Sen Valanten, Nap ri, nap bay kares, nou pap fè tintin Nap fete konsa, konsa pou jiske nou mouri Mwen ba ou bon ti chokola, mwen ba w anpil flè Nap pataje anpil lanmou, nou rinmin pou la vi Nap bwè ansanm, nou ap viv, nap vin nan la pè Nan lanmou pou tout tan, pou jiskan nou rantre anba tè.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.