Ti Pèp La Se Moun Tou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Tout moun se moun Ti pèp la se moun tou Ti pèp la pa fout fou Ti pèp la pa vle fè sousou Pèson chèf e pèson moun Ti pèp la pa ka sipote ankò Trop misè, trop soufrans ak lanmò Ti pèp mande travay ak respè Ti pèp la vle Lapè Nan vantt, nan lestomak e lan tèt Pèp sila renmen fè bèlfèt Li renmen santibon tou Li renmen bon bagay tou Pèp la gen anpil pasyans Pèp la gen anpil konesans Kipa soti nan gwo liv Pèp la gen anpil bon sans Pèp la pa vle kontinye ap viv Nan mizè sal sila. Pèp la, ti pèp la Ap rele anmwey, pèp la pa vle tout fatra Tout vè, tout santòr sa yo devan pòt li ankò Kounye a ti pèp di: la jistis ou lanmò Li pa vle mourinan soufrans, nan mizè Mezanmiti pèp cheri nou an vle Lapè Paske ti pèp la se bon moun tou Li pa vle grangou. Li vle Jistis ak Lanmou Ti pèp la vle pou tout bagay yo chanje Trop gwo volè nan leta ap manje E gaspiye la vi, lajan e byen ti pèp la Gen trop zotobre ki kwè ke yo se rwa Tout biznis nan peyi se pou yo Yo pa bay malere yon ti chans Pou posede menm yon bon vye boyo Mezanmi, kounye a pèp la pa nan rans Ti pèp la se moun tou Ti pèp la pa fout fou. Copyright © Jiyè 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.