Tout Sitwayen Consène, An Nou Mande Jistis

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Tout sitwayen consène, peyi a se pou nou tout Gen twop soufrans, pèp la fatige, pèp la bout Ak tout kriminèl ki finn piye peyi a e ki continye Ap volè, piye e govène. Pèp la paka kanpe, li fatige Nou bewzwen yon chanjman kounye a, a prezan Nou paka viv e respire fatra ankò, nou pakab pran Ankò. Twop moun ap peri, twop moun ap soufri Tout sitwayen consene, leve, leve, leve kanpe Poun ka sove peyi nou. Fòk nou bay kriminèl yo Kat rouj, pou yo ka pran kap yo. Fòk nou mete yo Deyò, fòk nou jete yo nan lanmè, fòk yo kite volè Pèp la grangou, li bezwen jistis, li bezwen la pè Pèp la bezwen sekirite, lespwa pou yo ka viv byen Fòk kriminèl yo sispann trete pèp la kwè vye chyen Viv peyi nou libere, mete vakabon anba kòd la jistis Fòk nou pa pè batay pou yon pi bon demen san vye vis San koripsyion, san vye gouvènman ki plin salte ak malis. Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.