Un Powèm Dous Nan Kè Mwen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mwen dekouvri yon powèm ki fèm tranble, se pou ou Wi, se de ou, doudou. Powèm sa sanble ak ou Mwen te ekril maten an, anvan lonbraj la roze te vini Pawòl li yo te sakajem pandan lontan, avan anpil rekolt mayi. Pa chans, mwen finalman reyalize ke powèm saa se ou an pèson Li viv anba lakay, li souri anba reyon solèy e anba klète lalin Li respire epi li manje tankou ou, nan goudougoudou, tout la jounen Powèm sa a fèm fremi, enspirem e entoksikem, ti zanmi mwen. Nan kèm gen yon powèm dous ke mwen pap janm bliye Yon powèm ki bam plezi tankou yon solèy ki kouche nan lò sou la tè Tankou flè tilip an prentan: powèm ki gen lanmou, pasyon ak lapè. Nan powèm sa, mwen te vle eksplike sam gen nan fon pansem Lanmou kem santi pou ou, lanmou ki ba mwen anpil jwa e bonte Ak yon santiman ki fò, pwisan e jèn e ki klere chemen tout siksèm. Copyright ©Avril 2013, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.