Viv San Ou, Bèl Zanj Mwen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Nan moman sa a, map panse de ou Mwen jwenn mwen kloure sou la kwa De imajinasyon mwen maten an Mwen santim pèdi tankou yon embesil Mwen pa gen ni chalèkò ou Ni battman kè ou Pou ranplim ak yon kontantman Etènèl, lwen la krent ak lanmò. An verite, mwen pa ka viv san ou Map mouri, map fini ti kras pa ti kras Lè bèl kòr ou manke nan kabann mwen Wi, fanm dous mwen, mwen vle santi chalè ak pwa De de janm ou yo ak de bra ou yo. Ou se lank nwa Ankryem nan, espwa jou'm kap vini Map tann pou ou aswè poum ka jete lank Nan oseyan ou an. Mwen renmen ou bèl zanj. Copyright © Desanm 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.