Vòlè Paka Prezidan Yon Peyi

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Vòlè paka predizan yon peyi Si papa ou te yon kriminèl Ou paka prezidan yon peyi Ou paka dirije yon si bon peyi Si gran papa ou te yon vye doktè san pwèl Ou se yon gwo diab, yon kreten, ou se yon gwo volè Si ou pa renmen la pè, si ou renmen lagè Si ou se yon vye depite, yon vye senatè Si ou trò koronpi, si ou se yon malfetè Si gran papa ou te touye Louis Drouin, Marcel Numa E anpil lòt kretyen vivan nan peyi sila Ou pakab vinn dirije bon pèp sa Si papa ou te fè ekszekite William Josma Anpil ofisye, oponan e pitit pèp la Ou paka fout rive prezidan yon peyi Ke ras ou yo finn piye, kote yon pèp ap soufri Depi prèske yon syèk. NON, NON ou se volè tou Se yon bann vakabon ki sipòtew, yon bann fou Kap ba ou sekirite. Ou pa kanpe sou anyen Se vann ou konn vann pou po patat. Ou se yon tenten Ou pa fout ka rive chèf siprèm yon peyi. Ou pa kreye okenn byen Ou se yon gwo parazit, yon sikè, yon mantè. Se vòlè ou konn vòlè Ou paka vinn prezidan si ou ap voye move zè Sou pèp la. Ou pè la verite. Ou pa konn anyen Ou pa fout ka prezidan. Se piye, se fiziye sendenden Parèy ou yo konn fè. Se achte figi ke ou ye Ou se yon lach ou pè moun kap di la verite Ou se yon teroris, yon kidnapè. Ou menm touye bebe Eskyè paka prezidan, kreten paka dirije yon peyi Tankou yon gran lidè. Peyi a sal, fatra tout kote Nan lari plin rat, sourit, pinèz e ravèt. Vòlè ap tire Kriminèl ap touye inosan. Se sèl yon lidè ki serye Ki fèt pou rive prezidan. Yon nonm vanyan ki renmen Peyi li ak pèp li. Nou pa bezwen vakabon ki ap mennen Peyi a nan yon ravinn trou santi. Gen twop zero kap batay Kap bay manti pou yo ka vinn rich san yo pa kreye bon travay Pou yon pèp ki grangou e ki ap viv nan labou sal ki santi Se pou nou tout rele anmwey e chase tout moun ki pa zanmi Yon si bon peyi ke yap maltrete san rezon. Yo se enmi pèp la Se pou nou rele bare vòlè. Se pou nou retire peyi a nan fatra Sal sa. Anmwey, kidnapè, vòlè, rasis sa yo paka vinn prezidan Koronpi, ipokrit, zobop sa yo paka vinn presidan. Yo se pedan Kriminèl, eskanmòtè, ti sousou. Yap piye peyi a pou yo kal investí Nan peyi etranje. Yo se trèt, initil. Se detwi yo konn detwi Yo pa konn bati, travay; yo pa konn fè byen epi yo anraje Pitit vòlè paka vinn presidan. Bare vòlè e tout kriminèl. Anmwey. Copyright © Septanm 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.