Wi Jodia Se 18 Me, Vive Le Drapeau

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Wi jodia se 18 Me Se yon bèl joune Yon gwo jou kote Ke Brav Zanzèt nou te Fè la tè tranble Pou la glwa, endepandans e la libète Brav Zanzèt nou yo: Tousen, Desalyn AnriKristof e zòt ki pat kretin Te batay pou ba nou DRAPO sila Yo te fè yon gwo sakrifis pou peyi sa Ayiti kanpe, Haïti kanpe doubout Ayiti kanpe, Haïti kanpe doubout Yo te arete e touye Papa Tousen Men yo bliye ke te gen lòt sen Ankò ki te prè e ki te kapab batay Pou ke tout nèg nwè te gen yon DRAPO Yon Drapo ke yo ka rele pa yo Yo blye ke nou te ka batay Pou efase lesklavaj an Ayiti, Boyo E Kiskeya. Drapo sila se pa nou Drapo sila, Drapo sa se respè pa nou. Ayiti, Ayiti 18 Me se yon gran jou 18 Me ap joujou rete nan kè nou Se yon bèl joune tou pou tout Vakabon ki pa respekte pèp la Kap vòle, piye bon ti peyi sila Pou yo bay demisyon yo, pou tout Moun ka anfen apresye bèljes sa Paske Ayiti bezwen pi bon lidè Nèg ki ka bay bon sekirite e ki ka jwen la pè Pou tout moun kap respire e viv Nan peyiDayti. Viv Ayiti, Viv Ayiti, Viv Bon ti pey sa ke yap fè soufri depilontan an Frèm ak sèm, an nou tout kanpe pou defand Ayiti. An nou batay kont tout malveyan Kap kraze peyi nou an. An nou tout defand Peyi Dayiti. Gen twòp vòlè kap kraze peyi Dayiti. Brav Zansèt nou pa te janm mouri Pou tout vye prezidan, senatè e depite sa yo Anpil la dan yo pa respekte peyi a, pèp la E menm tèt pa yo. Peyi Dayiti pa yon yoyo Pa gen jwèt nan sa. Peyia paka viv nan pil fatra Kap bay maladi e ki ap touye pèp nou an Viv Ayiti, Viv Desalyn, Petyon e tout lòt gason vanyan Ki te batay, kite bay lavi yo pou yon si bèl Drapo Viv Ayiti, Viv Ayiti, Viv Pèp la. Vive le Drapeau! Copyright © Me 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.