Yo Touye Desalyn Ankò

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Yo Touye Papa Desalyn Mezanmi gade eta La Saline Gade ki jan Pòtoprens sal Se tire bal, se tire bal Gade kijan ke peyi a twe sal Gade, gade poupou chwal Gade rat yo ap fè parad Gade ti moun san pantalon ki san rad Gade mouch, gade kadav Pagen sèkèy, pagen kav Se touye moun tout la jounen Se bouche bouch, se bouche nen Yo asasine Desalyn ankò Yo kouri al kache yo paske yo pè lanmò Men yo toujou prè pou touye moun Yo se lach, yo gen yon gwo foufoun Yo pa bon Ayisyen, yo se gwo mechan Gade yo, band vagabon yo. Se yon bann pedan Yo pa kanpe sou anyen Yo se move Ayisyen Yo touye zanzèt nou yo ankò Yo renmen touye, bay lanmò Men yo pè mouri Peyi a ap peri Twop mou ap soufri Si yon mirak pa fèt Nou bezwen yon bon lidè, nan tèt Peyi Dayiti, ki pap piye, vòlè pèp la Ki nan grangou, kap viv nan fatra Yo imilye zanzèt nou yo Yo trayi zanzèt nou yo Làch yo al kache pou lanmò Yo kalote Papa Desalyn ankò. Copyright © septanm 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.