Yon Kantik Se Yon Powèm

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Yon kantik se yon powèm Ritme avek vi, nannan, e rim Se ta pale mal sou Bondye sila Sim pa ta di sa e eksplike sa. Yon kantik se yon pwoz Ke yon moun mete an poz tanzantan Avèk divès frap e tam tam. Yon chanson fè moun danse Yon powèm fè moun reve E yon pwoz ede nou egzamine. Yon powèm se yon pwoz klasik Ak bel pawòl ki gin amoni ak sik Ki byen-kalkile ak rim e vèsè Yon powèm se reyèlman yon kout zèklè. Yon kantik fè moun viv Yon powèm fè moun reviv E yon pwoz ede nou siviv. Copyright © Desanm 2016 Logerie Hébert, Tout dwa (dwet) rezève Hebert Logerie se yon otè Aysyen ki ekri plizyè liv ki gin bel powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.