Ansanm Nou Ka Batt Kovid-19

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Mwen pa pran sousi de sosyete De nèg sòtt e blan mannan sa Mwen pa pran sousi de povwete Ke yon bann kriminèl, magouyè koze Maladi pa janm diskrimine E lanmò pini moun jouk nan dènye souf la. Kite melem ak moun ki konsantre sou koulè Chak jounen e chak segond Bondye mete Kite melem ak milyonè visye, gwo vòlè Ki sanble ak vye eponj sal ke yo fin ize Koronaviris deja detwi lekonomi di mond Nan yon faktè de tan, nan kèk segond. Kite melem ak moun ki toujou pè Ki pè pale pou yo di la verite Kite melem ak toutt asasen atoufè zonzon Ki kidnape e manje moun kwè vye lyon Maladi a kòmanse ak yon ti tous Lanmò egziste, li la pou nou tout. Se pou nou pwoteje youn ak lòt Se pou nou ede e renmen youn ak lòt Ansanm, nou ka reyisi Men se ansanm, nou dwe ini Pou nou ka batt nouvo koronaviris la Wi, nou ka detwi vye viris sal sa. Copyright © Mas 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yonotè plizyè koleksyon de powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.