Ansdeno,24 Jen 2017, Yon Ti Refleksyon

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Jodia se 24 Jen Mwen leve maten an Map panse a bèl fèt lakay ke Nou konn genyen nan Ansdeno Anpil moun etranje. yon dividal moun rantre Pou yo ka banbile ak tout moun yo Anpil moun ap rejwi, anpil moun ap fete Machan fritay ap fè kòb Bon biznis ap mache, yap fè kòb Tout moun gen bèl abiman sou do yo Kwè papam te konn di: tout moun bòzò Tout moun te abiye kwè Mesye e Madan Azò Tout moun gin bèl soulye nan pie yo Sak pi malerèz yo te trè pwòp Pate gin moun sal nan la ri Tout kè te kontan, tout moun tap ri Ti moun tap kouri avèk dan yo pwòp Mezanmi 24 Jen se bèl fèt lakay Kote gen bèl parad, mizik nan tout kay Pa gen batay nan la ri, pa gen krim Tout kote se mizik, tout kote se vaksim Bèl mès nan legliz Sen Jan Baptis Se bwè soup aprè lan mès Se bwè kleren aprè lan mès Se foutbòl nan laprè midi Se kèmès pou ti moun E pi pita se gwo bal pou gran moun Zèl nou kase mezanmi Aprè tranblemandetè Zèl nout tout koupe Aprè move siklòn ki gache lavni Tout moun e ki lage nou nan move mizè Sak pi rèd, nou pa wè kisa leta Fè pou yon ti pèp ki vle viv Leta pa fè yon bon travay Leta lakay se kreten, li fè move devwa Leta fè yon devwa parese, yo kreten Yo pa bay bon sekirite Pou pèp la ka fete tèt kale Yo toujou fè yon devwa malsen Map di la verite Kitem fout pale Poum mwè si bagay yo ka chanje Pèp la ap batay pou li siviv Pèp la ap goumen chak jou Chak jou pa yon bon jou Menm jan ak 24 Jen Chak jou pa dimanch Pou nou nou mete men nou sou ranch Pou nou ka taye banda. Nou bezwen Ke peyia ale nan yon lòt direksyon Pa dèye, douvan, devan Pa an aryè, douvan, an avan Pou bagay yo ka pi bon Chak jou minm jan ak yon jou de Fête Minm jan ak yon jou kote ke bon bagay ap fèt Kote nou gen la paix Kote ke tout bagay ka parfait. Copyright © Jen 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.