Ayiti Cheri Pap Mouri

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Haiti Thomas pap mouri Min Ayisyin ap mouri La jounin kou nan nwit La mizè fè mikalaou Se sa ki fè ke anpil nan yo fou. Ayisyen ap soufri Depi ti peyi si la fèt Gro peyi ki pote gro bot an fè Fè Ayisiin kon lanfè San yo pa mouri Yo fè Ayisyin operasyon San yo pa bayo anestezi Yo ba Ayisyen pwazon Nan farin sinistre Yo bay yo move lèt, ak poul mouri Pou yo ka fè pitit ki andikape Ki pa gin tèt, ni kou, ni pye HaÏti Chérie pap mouri Min Ayisiin ap kontinye soufri. Ayisyen ap viv nan labou Yap fè marinad ak labou Yap domi nan labou E yap manje nan labou Map priye pou bagay yo chanje Map rele anmwe pou Aysiin chanje Si Haïtiens pa chanje Peyi Dayiti Cheri Ka vin yon premie peyi Kap peri, kap mouri Ayiti pa bwat fatra Se pou Aysyen sispan viv nan fatra Nan labou, nan vye tratra, a la traka Ayiti pap mouri Min Aysiin ap soufri Map rele anmwe, anmwe Pou Ayiti pa mouri Anmwe, fout tonè, anmwe Pou Aysiin ka viv Kwè tout moun ki ap viv nan yon peyi Ayiti pap mouri, Ayiti pap fout MOURI, Ayiti pap mouri Sa se radote, se nou tout Ki pou ede Haiti Se nou nout, nout tout Ki pou ameliore la vi an Ayiti Anmwe, nap rele viv Ayiti Epi nap vole li, nap krache sou li Nap koupe kou li, nap van li Nap pale li mal, anmwe Ayiti pap mouri Paske Haiti pa gin la vi Haiti pa yon moun, se yon peyi Min jan ak tout lot peyi Aysyen gin la vi Se yo kap pedi Se yo kap soufri Se yo kap pouri Se yo kap mouri La jounin kwè nan nwit. An nou ede HaÏti Chérie Ak tout Aysyen kap soufri Pou nou ka sove Ayiti Cheri. Copyright© 3 Octobre,2015 Logerie Hébert, Tous Droits Réservés Hebert Logerie est l'auteur de plusieurs recueils de poèmes.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.