Ayiti Gen Bèl Solèy

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Refrin Ayiti gen bèl solèy Ayiti gen bèl plèn Ayiti gen bèl lanmè Ayiti gen bèl rivyè. Ayiti gen anpil bèl fanm Ayiti gen bon zanmann Ayitigen bon mango dous Ayiti gen bon kenep dous. Ayisyen se pèp ki soufri Ayisyen pa janm pè mouri Se otorite nou yo ki pouri Se dirijan nou yo ki pa bon. Ayiti se yon bon peyi Se otorite nou yo ki pa bon Ayisyen se yon gran pèp Se dirijan nou yo ki pa bon. Pèp Aysyen se bon bagay Se yon pèp ki pase anpil tray Se yon pèp ki travay anpil Se yon pèp ki pa pè bill. Ayiti nou pap janm blye ou Ayiti nou renmen ou anpil Ayiti ou se yon bèl fanm Ayiti ou se kinanm nou. Copyright © Janvye 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi e chanson.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.