Bebe G.G. Nan Kay La

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ti bebe GG nan kay la Li fèt nan bèl mwa mas sa a Ant sezon ivè ak prentan Pa te gen okenn nèj sou gazon an Men, te gen ti boujon toupre letan an Ak yon nouvo lakansyèl nan lè a. Ti bebe GG, tout bon, nan kay la Li te akeyi pa tout fanmi an Li gen yon souri ki klere tout tan E deja li gen yon estil ki fen e inik O! Li fè tout moun fyè e kontan Anplis de sa, li renmen 'Mickey Mouse' ak ti komik. P.S. Powèt la, tout bon, se yon granpapa ki fyè. Copyright © Mas 2024, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.