Chak Fwa Mwen Wè Ou, Ti Cherie

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Chak fwa mwen wè ou, ti cherie Solèy la pi klere, li fè pi cho Menm nan mitan sezon fredi. Chak fwa mwen wè ou, ti cherie Mwen santi'm anfom, mwen trè byen Ou mete m 'nan yon bon santiman. Chak fwa mwen wè ou, ti cherie Mwen santi' m ap naje nan yon ti briz fre Kikalme' m, ki metem nan paradi. Oh! Ti cherie, li pa tap yon krim Si mwen ta vle wè ou tout tan, tout tan. Chak fwa mwen wè ou, ti cherie Lalin lan vin pi gwo e pi li sanble ak yon nat an vlou Bam yon ti souri pou klere' m, poum ka santi'm pi lejè. Chak fwa mwen wè ou, ti cherie Mwen vin pi bon ke bonbon, mwen vin dous Rete avèk mwen lè pa gen lalin, zetwal, ak solèy. Tanpri rete avèm chakmaten jiska midi Tanpri, dim ke ou pral rete avèm kounye a Tanpri, vini lè pa gen ni solèy ni zetwal e ni lalin. Copyright © Mas 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè ki anpil pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.