Chak Jou Se Yon Bèl Anivèsè De Nesans

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Jodi a se yon kokenn jou Chak jou se yon bel anivèsè de nesans Si yon moun gen bonn sante Ou gen yon gwo richès Paske maladi koute chè Vye maladi yo trè destriktif Doulè fè ou santi ou fin vye granmoun Maladifè ou santi ou trè frèt e frajil. Mwen kontan ak viv mwen Mwen ka mache, naje e plonje Nan fon yon lanmè ki trè ble Vi se yon bon bagay, la vi a bèl Mwen ka souri, ri e mwen wè Epi mwen ka pran sant freshè Bèl fanm akbèl flè yo Ki nan kwen gwo jaden an Lavi fèt ak kè kontan e kèk erè Se konsa, mwen rete yon bon moun. Chak jou se yon bèl anivèsè de nesans Jodi a se yon lòt jou ki trè janm Solèy la pa gen anyen poul wè ak anyen Lalin lan la. Kitem pale, kitem chante E fè lwanj pou Seyè a paske li bon Lavi mwen plen ak sajès e kontantman Bliye tout lajan, ti manman cheri, siwo myèl mwen Nan kè nou, li toujou fè cho, li fè toujou solèy. Copyright © 2 Oktòb,2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè a nan plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.