Eske Nou Renmen Peyi Nou Konsa

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ayisyen, eske nou renmen Ayiti jan li ye a konsa? Solda, eske nou renmen peyi a jan li ye a nan fatra Fatra tou patou, trou egou bouche, nou nan yon solèy cho Dlo santi tou patou, nou paka manje, se nou tout ki nan cho? Militè,eske nou vle ke bagay yo kontinye konsa, konsa? Pagen avni, anpil mizè, anpil grangou ak anpil malfra Tou patou kap touye pèp la, vakabon apvyole sè nou Bat e kale fanm nou, derespekte nou ak tout fanmi nou Komèsan, biznisman, eske nou vle kontinye bizniss nou Konsa, konsa, nan pil dlo santi sa, nanpil fatra kote ke nou Mete ajenou nanpil malpropte nan mache sal sa? Dim kisa nou Ap panse? Kisa nap imajine? Kisa kap pase nan tèt nou? Se pa nou Tout ki pou kouri kite peyi a san pantalon konsa. Fòk nou kanpe djanm Pou nou ka batay, goumen kont vòl, viòl, vys ak kidnaping. Fanm, fanm Fanm, vanyan nou yo, ki pa fè sakrifis. Kote nou ye? Sa kap fèt la? Peyi a ap mouri a jenou. Li paka kanpe. Ouvri je nou trè grand sila Nèg, nèg, Ayisyen vanyan ki pote pantalon fè, ki gen bèl sintiron nan Rin nou, kote ou ye? Peyi a ap peri. Peyi a ap pouri. Li pedi tout nannan Li. Anmwey, Ayisyen, anmwey, yo van peyi bay lòt moun, bay zòt, bay Zòt. Nou nan zen. Nou pran nan mera. Bagay yo pa nan plas yo. Bon bagay Pa egziste an Ayiti ankò. Se van peyi kap menen. Eske nou dakò jan bagay yo ap Pase a. Eske nou tout dakò. Ayisyen, tout Ayisyen, eske nou pa fatige soufri? Eske nou pa fatige akfatra? Li lè li tan pou tout bagay yo chanje pou yon bon avni Soufle sou pèp la. Eske se nou tout ki dakò pou bagay yo fout kontinye konsa, konsa Konsa, nan pil dezòd sa, krim, vyòl, vòl, kidnaping, magouy, asasinasyon ak pil fatra? Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.