Eske Se Vre, Pèp Lakay Nou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Eske se vre, pèp lakay nou egare? Yo tout panse kwè zonbi, eske se vre? Vie politisyen ap jwe nan kalbastèt yo Yo fè pèp fè manifestasyon ak grèv a gogo Tikrik, tikrak, vakabon gwo dyòl ap jwe Nan lòlòy yo kwè mòpyon douvan chyen Tikrik, tilkrak, gin grèv pou anyen, san bezwin Pwotestasyon se yon pyon ke valpa yo rezève Pou jete bon gouvènman, pou yo bay kou deta Eske se vre? Tout rat do kale dèyò kounye a Yap joure, yap di moun kretin, yap di moun kochon Le yap frape gwo la verite nan dyol yo, nan bouchon Ti twou ki kale e ki klere kwè yon glas nan soley Bare vòlè pèp la gin dwa pa konpran gwo gramè Min li pa egare, li pa sòt kwè panyen pèsi Pèp la pa sòt, li renmen anpil peyi Dayiti Pèp la gin dwa pa konn ni li, ni ekri Min li pa bèt, li pa pi mal ke konpè Bouki Li lè, li tan pou moun save ouvè zye e sèvo Ti pèp nou an, edike tout moun. Bat bwavo Pou tout moun ki vle apran, pour tout moun Ki vle tande bon konsèy. Pèp Ayisyen se moun Yo pa bèt kap devore zòt pou lajan, pou manje Ti pèp sila fòk yo respekte li. Li pa egare Wi pèp la pa egare, li pap pran la ri san rezon Li pa nan zonzon ak gwo vòlè ki gin madishon. Copyright © Oktòb 2017, Hebert Logerie, Tout Dwa Rezève Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.