Fanm, Fanm Nan Nanm Mwen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Fanm nan nanm mwen Fanm ki sansib Fanm ki dous kwè sic Fanm, o fanm tout nanm mwen Fanm ke mwen sere nan bwa mwen Fanm, fanm ki gen vwa swa Fanm ki konn bam jwa Fanm ki dòmi byen anba pwa mwen Fanm, fanm ke mwen renmen Mwen adore ou tankou van o printan Fanm, o fanm nan kinam Ou se nanm mwen e ou se kem Fanm ki renmenm epi ki blamem Fanm, ke mwen renmen ak tout fos mwen Mwen renmen ou ak tout pouvwa mwen Fanm, fanm, ou pafè Ou se sous lavim, ou se yon bèl flè E ou se sèv mwen. O fanm nanm mwen Fanm, fanm, o madanm mwen. Copyright © Janvye 2018 Logerie Hébert, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè a nan plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.