Fanm, Ou Marye Kounye A

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Fanm, kounye a ou genyen yon mari Mwen konseye ou rete avèk li. Fanm, mwen pa vle sòti ak ou ankò Mwen pa vle tonbe nan yon vye lagè Li pa twò bonè pou nou fèmen bouch nou Li pa twò tapou yon moun fè byen Madanm, mwen pa vle wè ou ankò Mwen pap la ni twò bonè ni twò ta. Madanm, kounye a ou genyen yon mari Mwen konseye ou rete avèk li. Pèfid, kounye a ou marye Kite mwen fout jwi lavim Mwen pa vle pouswiv okenn avanti Map travay pou yon pi bon avni Se pa paske mwen pa renmen ou ankò Ou marye, nou an fas yon nouvo sitiyasyon. Madanm, kounye a ou genyen yon mari Mwen konseye ou rete avèk li. Madanm, pou bon tan ou move tan Ou marye ak yon nonm pou tout tan Mwen pa vle renmen ni fè lanmou ak ou Mwen kenbe distans mwen lwen de tout ti souri Mwen absan de tout move avanti komik e initil Ou marye, tout lyen kite egziste antre nou pa itil. Fanm, kounye a ou genyen yon mari Mwen konseye ou rete avèk li. Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.