Jodi A Se Dimanch

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Jodi a se dimanch Mwen pral voye anpil roz blan pou ou Ak yon bann bèl powèm Pou pwouve ou ke mwen renmen ou. Yon vòlkan eklate nan kèm' Lava ak dlo nan je mele ak lanmou Kouvri kò mwen tankou yon vlou Ki roulem nan yon chalè trèz entans. Ou konnen, lè nou ap benyen nan lanmou Mo yo pafwa gen plizyè koulè diferan Nan lavi, fòk nou detere chans nou. Bèl Choucoune, se pa yon erè Lanmou se tankou yon van frwèt Ki, pafwa, simen dè jou de kontantman. Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.