Jodia Se Dizwi Me (18 Me) , Fèt Drapo Ayisyen

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Jodia se dizwi me, fèt drapo ayisyen Kè anpil nan nou kontan, mem chyen Nan la ri kontan, paske yo pap jape Jodia se yon bèl jou, yon jou pou nou panse Yon jou pou nou ka chita pou nou ekzamine Eta peyi Dayiti. Mezanmibagay yo vle Depase nou. Nèg ki sou pouvwa ap volè Malere grangou ap soufri nan mizè Yo paka manje, yap viv nan move kondisyon Nap viv kwè yon pèp ki plin malediksyon Fatra toupatou, dlo sal nan la ri, twou egou Yo bouche ak salte, fatra, anpil mouch. Moun fou Tou patou. Bagay yo pa nan plas yo. Bagay yo trè mal Nèg yo finn piye peyi Dayiti. Lajan Petrocaribe yo pase mal Epi se minm volè sa yo kap di ou ke yo renmen, yo love Haiti Yo sel chèf. Yap komande. Se yo minm kap fè bèl diskou Pou chyen, chat, ak rat parey yo ka danse. Yo blye pèp la Se yo minm kap bay pèp la mizik ak tafia. Pèp la pa koukou Se yo minm kap mete divizyon ak frè e sè nou kin nan diaspora a Pèp la pa yon joujou, yon gwo inbesil. Pèp la pa sot pase Bouki Powèt yo se moun kap di la verite. Yo pa gen chwa, fòk yo ekri Pou yo ka ekspoze vakabon yo, pou yo ka mete limiè nan tètpèp la Anpil nèg finn volè, kounye-ayap fè mizik epipèp la nan mizè Bagay sa pa bon. Fòk Bon Die nan sièl la desan pou chanje la tè Jodia se yon bèl fèt. Mezanmi ti pèp la pa konpran, yo pa wè Yo pa tande trò byen, paske yo pran la ri pou ninpòt kandida Ki bay yon ti chocho, p Paske yo vote pou yon bann selera Ki pa pral fè anyen pou peyi Dayiti, ekzamp yo devan ge nou Chak jou. Ipokrit sa yo pa renmen pèp la. Gen trop sousou Kap eseye pase drapo-a nan tintin. Se pou nou denonse yo Drapo sila se yon gro sakrifis ke zansèt nou yo te fè pou nou Se pou nou rele anmwey, bat chalbari dèye yo, bann tèt zo Bann koken sa yo, bann trèt sa yo.An nou aplodi bèl drapo Ke nou renmen e nou prè pou nou mouri pou li. Drapo sa se san nou Se fiète nou, se onè nou, se tout bon bagay ke nou gen nan nou Jodia se 18 Me. An nou fete e prie pou drapo nou an e pou peyiDayiti Pou otorite ki respekte drapo nou an e ki papvolè e kraze peyiDayiti. Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.