Lè Nou Di Orevwa

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Nou pa konnen Lè nou di orevwa Paske demen Se pou sèlman Bondye nan syèl la Nou pa konnen Si se pa yon dènye vizyon Si se pa yon dènye chanson Menmsi nou jèn e fò Si se pa yon dènye dans, yon denye efò Ki kote flèch fatal la sible Ki kote ke li pwente Nou tou senpleman pa konnen Menmsi ke nou beni e ke yo renmenn Dènye jou an ap vini tankou yon zeklè Dènye souf la ap fini tankou yon lè Ki disparèt kwè yon move richès Pou pote doulè ak tristès Lavi se yon fenomenn ranpli ak malè Bondye ap tande rèl nou Rèl, sanglo, anmwey frè ak sè nou Bondye tande tout priyè nou Bondye wè dlo nan je nou Bondye wè ki jan nou mouye e tranpe tout ban yo Lè nou ap mache, deplase Nou pa konnen Ki lè ke nou pral trepase Nou pa konnen Anyen de demen Nou pa konnen Anyen de dènye jou nou anba syèl la Nou pa konnen Lè nou di orevwa Lè nou di adye Se sèl Bondye, se sèl Bondye Gran Mèt la ki konnen Si nap ka di yon lòt bonjou Sou la tè, anba syèl sila Si nou pral wè yon lòt jou Nou senpleman pa konnen Anyen, anyen de demen. P.S. Powèm sa a dedye a nou tout. Nou déjà manke sè ke nou renmen anpil Tania Marissa Joseph Maranhão Powèm sila se yon tradiksyon de ‘ When We Say Goodbye' de Hebert Logerie. Copyright © 27 avril 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.