Lè Yo Joure Lili

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Lè yo joure Lili Yo joure nou tout Ki renmen la libète Yo joure tout moun an Ayiti Bondie fan djol nou tout Pou nou ka di la verite Pou nou ka pale ak tout fòs nou Pou nou ka denonse tout moun fou Tout vakabon kap volè Tout chen kap jape nan lè E pou nou mete deyò tout sa ki two lou nan kè San nou pa blese frè ak sè nou ki vle la pè. Ti Lili pa pou les zingra Ti Lili se pou les zintim Li pa pou vakabon san zestim San vergogne, ki pa ka kinbe yon plim Pou ekri bèl ti pawol, bèl ti panse Pou chame fanm ki vanyan, ki zele Kap travay, e ki konn batay pou la libète. Lili se yon bèl flè ki di la verite Pèson moun pa ka achte Lili Li pa pou van nan mache Lili se yon poto mitan an Ayiti Kite san sal, san zave yo joure Yo pa konn ront, yo trayi Peyi Dayiti depi ke yo pa respekte Pèp sa kap soufri, kap mouri Nan grangou, nan mizè Pep sila panko konpran sa kap pase Se sa ki fe ke vakabon sa yo ka pale Pep sila ke yap volè, ke yap piye Pèp sila, pèp vanyan mande la pè Lè ke yo joure ti Lili Yo joure nou tout Kap viv nan peyi Dayiti Yo joure tout moun kap soufri Yo avili nou tout Yo abize pep swadizan djaspora Kap pimpe tout tan gwo dola Pou konbat ignorans, grangou ak mizè Nou bezwin la pè, nou mande respè Nou mande jistis, bare volè Aba la koripsyon, aba la mizè. Copyright ©, fevrye 2018, Hebert Logerie, Tous droits réservés

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.