Lè Yon Fanm Renmen Ou

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Lè yon fanm renmen ou Ou pa ka fè anyen mal Ou ka chame li ak yon ti chanson Nan men ou, li pa bezwen anpil. Lè yon fanm renmen ou Mond lan sanble li trè bèl Tout bagay anfò, an pinpan Lè yon fanm adore ou. Se tout ane a ki printan Ti zwazo yo ap repoze e yap chante Timoun yo ap jwe e yap ri Gen anpil bonè ak kè kontan. Lè ou voye flè pou li Lè ou bay li bèl bijou Li bo ou tankou yon ti bebe E li ba ou akolad pou tout yon ane. Lè yon fanm renmen ou Ou santi ou ekstrèmman byen Kay la gen anpil, yon dividal manje Paske li bay ase pou vant ou plin. Lè yon fanm renmen ou Syèl la klere epi li ble Lanmè a manyifik e trè klè Lè yon fanm renmen ou. Lè yon fanm renmen ou Solèy la cho e li pike Nwaj yo ap vwayaje Lè yon fanm adore ou. Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.