Nap Genyen Tout Batay Yo, Nou Pap Janm Pedi

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Kòm yon pèp, nou tonbe epi nou monte Tankou Solèy la, tankou malfini nan yon syèl ble Nan moman sa a, kwis nou yo trè fatige Men nou toujou kanpe djanm pandan nou ap kriye: Libète oswa lanmò; lavi nèg nwè enpòtan Nou pral goumen pou bagay yo vinn miyòr Pou tout frè ak sè nou yo a la rond badè Paske nou ka baskile gro wòch ak gro kratèr Nou pral evantyèlman chase lwen gro mouch yo Ki imilye, fè nou mal, pike ak touye pèp nou an Epi nou pral defèt rasis ki gen lang pike ak violèt yo Nou pral genyen tout batay epi nap monte byen ro. P.S. Se yon omaj a Dr Martin Luther King Jr - ‘Mwen Gen Yon Rèv', ‘I Have A Dream' an angle. Se 57 rekolt kafe, anivèsè diskou sila genyen. Copyright © 28 Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.