Nou Pa Pran Yon Grap Plezy Pou Nou Kritike

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Pesonn moun pa pran yon grap plezi Pou nou kritike gouvènman kap volè Ki inkonpetan, ki visye, ki eskanmòtè Ki ap piye, ki ap devore kom yon gro mimi Nou priye Bon Dye chak pou bagay yo chanje Pou nèg ki sou pouvwa pran konsyans Pou yo kabay tèt yo e peyi a yon ti chans O kontrè yo vinn pi mal, yo vinn pi anraje Mezanmi, pèp la soufri twòp, sa vinn kwè Yon chanson. Nap mande si nèg sa yo gen yon kè Nan kòff lestomak yo. Paske yotwò fòr nan piye Nou pa pran plezi pou nap kritike oken gouvènman Oken shouk bwa, senatè, depite, e menm prezidan Kè nou pa kontan lè ke nou wè kijan ke peyi a sal Dlo rigòl yo santi, pa gen rout, pa gen bon kanal Pa gen ijyène, e pi gro chèf yo ap kouri gro machinn Salòp yo bati gro chato nan dè zòn ki pa gen latrinn Mezanmi yo twò salòp. Yo achte kay nan NYC, Miami Boston, Sen Domeng e nan lòt peyi, nan lòt paradi Pandan ke yo kreye yon lanfè nan peyi Dayiti Mezanmi sa se yon trayizon, se la mor, vinn pa gen lavi Nan yon bon ti peyi ki gen anpil soley, anpil bon moun Ki vinn ap touye tou. Vinn gen anpil djab ki sou moun Gro la sent jounen. Nou pa renmen kritike pèsonn moun Men nou pa gen chwa lè bagay yo makaron, lè koripsyon Depase yon limitt. Nou vle ke peyi a al nan yon lòt direksyon Nan yon lòt chimen kote ke tout moun ka manje alèz, fete Jan yo vle. Nou vle yon pi bon peyi, kote ke nou ka mache Kouri nan lari ki pròp, kote ke pa gen grangou e bònn sekirite Fòk nèg sa yo chanje paske pèp la pa sòtt, pèp la konprann Pèp la pa avèg, pèp la konn diferans antre fig e bannann Pèp la pa bezwen yon palman ki pi mal ke lè 2 divalye Bay peyi a yon « break », sispann vòlè, piye e gaspiye. Copyright © 6 Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè Hébert Logerie se yon otè ki ekri nan plizyè lang.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.