Nou Pa Soti Nan Twou Twalet

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Dlo soti nan je mwen Lè mwen li kisa ke vakabon sa Di de nou tout nèg nwa Ke: "Nou soti nan twou kaka" Se sa li di menm. Mwen Fache. Sa fè mwen mal anpil Se vagabon rasis sa ki sanble Ak yon pil poupou Mezanmi yo atake nou For, trè for, nan nan nan nou Yo frape nou di. Yo frape Nou ak tout fos yo An nou kanpe pou nou di la verite Anmwey, an nou bay tout rasis Monnin pies yo. Anmwey, anmwey Mwen paka kinbe. Nou pap rantre Nan manman li, paske nou gen klas Nou se gwo moun. Neg nwa Pas soti nan twou bouda Nou se yon moun kwè tout moun Nou se pitit Bondye kwè tout moun An nou ini, an nou kanpe pou nou batay Pou pran la ri, pou defan dwa nou Anmwey, diab la atake zantray Tout nèg, tout moun kipa blan. Yo atake blan Zanmi nou tou, blan ki kanpe ak nou Se pou misye mande nou tout padon Se pa tout Ameriken kipa bon Gen anpil ki pa rasis. Anmwey, an nou Kanpe pou defan dwa nou tout Moun fou se nan lopital ke yo dwe metel An nou kanpe kont vagabon, rasis azizwel Kap pale tintin, an nou defan tèt nou Se pa pou nou pè, paske Bondye ak nou. Copyright © Janvie 2018 Logerie Hébert, Tous droits réservés Hébert Logerie se yon Powèt ki ekri anpil.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.