Ou Pa Sonje Ti Cheri

H Hebert Logerie Hebert Logerie
0 Altın Yaprak
Ou pa sonje ti cheri Ke mwen te konn chante pou ou Mwen te konn fè ou ri Mwen te konn jwe gita pou ou Ou bliye bon ti mo, bèl ti powèm Ke mwen te konn ekri pou ou Tout tan mwen te konn di ou: je t'aime Ou te fòl e mwen te fou. Ou pa sonje ti cheri Ou gen tan bliye tout bèl bagay Ki te konn pase, tout bèl mèvey Ki te konn rive. Mwen te yon grenn la pli Pou ou, ou te tankou yon tè ki te swaf anpil Kounye a ou bliye tout bagay. Wap bam bil Ou pa renmen mwen ankò Ou pa vle touche mwen ankò. Ou pa sonje ti cheri Ou déjà blyem, bèl manmi. Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Bu şiire çeviri ekle ·

Bu şiiri puanla

Henüz puan verilmemiş

Yıldıza dokunarak 1–10 arası puan ver

Yorumlar

Yorum yapmak için giriş yapmalısın.

Giriş yap

Bu şiire henüz yorum yapılmamış. İlk sen ol.

Sana daha iyi bir okuma deneyimi sunabilmek için sitemizde çerez kullanıyoruz. Kişisel verilerin KVKK ve GDPR kapsamında işlenir; hangi çerezlere izin verdiğini dilediğin zaman değiştirebilirsin.